Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Taywann

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Taywann

SA GEN anviwon senkan, Choong Keon ak Julie, yon koup marye ki nan mitan trantèn yo kounye a, t ap sèvi kòm pyonye pèmanan nan vil Sydney ann Ostrali. Men sa Choong Keon fè konnen: “Nou t ap travay amitan e nou t ap mennen yon vi konfòtab. Kote n t ap viv la te gen yon bon tanperati e lavi a te trankil. Nou te pwòch fanmi nou ak zanmi nou yo.” Aktout sa, konsyans Choong Keon ak Julie t ap toumante yo. Poukisa? Yo te konnen sitiyasyon yo te pèmèt yo fè plis nan sèvis Jewova a, men, yo te ezite fè chanjman ki te nesesè yo.

Sepandan, nan yon kongrè ki te fèt an 2009, yo te tande yon diskou ki te touche yo anpil. Oratè a t ap pale dirèkteman ak moun ki kapab fè plis nan ministè a. Men sa l te di: “Fè yon ti reflechi sou egzanp sa a: Yon chofè ka vire machin li agoch oswa adwat akondisyon machin nan deja ap kouri. Menm jan an tou, Jezi kapab dirije nou pou n fè plis nan travay predikasyon an, men, se sèlman si nou kòmanse travay, sa vle di, si nou deja ap fè gwo efò pou n atenn objektif nou *.” Koup la te santi se kòmsi se avèk yo dirèkteman oratè a t ap pale. Nan menm kongrè sa a yo te fè entèvyou ak yon koup misyonè k ap sèvi nan peyi Taywann. Yo te pale konsènan jwa yo jwenn nan ministè a ak jan yo bezwen plis pwoklamatè nan peyi a. Yon lòt fwa ankò, Choong Keon ak Julie te santi se kòmsi se avèk yo dirèkteman yo t ap pale.

Men sa Julie fè konnen: “Apre kongrè a, nou te priye Jewova pou l ban nou kouraj pou n pran desizyon pou n al sèvi nan peyi Taywann.” Men sa l te di ankò: “Men nou te pè. Se kòmsi nou t apral vole yon kote ki byen fon nan yon pisin pou premye fwa.” Yon vèsè ki te ede yo pran yon bon desizyon se Eklezyas 11:4 (NW). Men sa l di: “Moun ki rete ap gade van pap plante, e moun ki rete ap gade nyaj, pap rekòlte.” Men sa Choong Keon di: “Nou te sispann kite lespri nou ‘ret ap gade’, e nou te  kòmanse ‘plante’ yon fason pou n ‘rekòlte’.” Yo te priye anpil, yo te li istwa lavi misyonè yo, pa mwayen imel yo te kominike ak moun ki te deja deplase al sèvi Taywann yo, yo te vann machin yo te genyen an ansanm ak mèb yo te genyen yo e twa mwa annapre yo te rive Taywann.

YO JWENN KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Kounye a, gen plis pase 100 frè ak sè ki soti nan lòt peyi k ap sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan nan peyi Taywann. Frè ak sè sa yo gen ant 21 a 73 an e yo soti nan peyi Ostrali, Grann Bretay, Kanada, Lafrans, Japon, Kore, Espay, ak Etazini. Pami yo gen plis pase 50 sè selibatè. Ki sa k te pouse frè ak sè zele sa yo al preche nan lòt peyi? Ann wè sa k fè sa.

Laura

Laura se yon sè selibatè ki soti Kanada k ap sèvi kòm pyonye nan lwès peyi Taywann. Men, anvan sa, pandan anviwon dizan, li pa t janm renmen travay predikasyon an. Men sa Laura fè konnen: “Mwen te konn jis al preche men mwen pa t renmen sa.” Annapre, gen kèk zanmi Laura nan peyi Kanada ki te mande l pou l al preche avèk yo nan peyi Meksik pou yon mwa. Men sa l te di: “Se premye fwa m te pase tout tan sa a ap preche, e mwen te sezi wè jan sa te vrèman enteresan!”

Bèl eksperyans sa a Laura te fè a te pouse l reflechi pou l al sèvi nan yon kongregasyon lang etranje ki nan peyi Kanada. Li te aprann lang chinwa, li te sèvi nan yon gwoup chinwa, epi l te fikse objektif pou l al sèvi Taywann, yon objektif li te reyalize an septanm 2008. Men sa l di: “Sa te pran anviwon ennan pou m te santi m alèz nan nouvo anviwònman mwen t ap viv la, men, kounye a mwen pa menm ka imajine tèt mwen k ap tounen Kanada.” Ki jan l te santi l anrapò ak travay predikasyon an? Men sa Laura di: “Se yon jwa sa ye. Pa gen anyen ki bay plis satisfaksyon pase lè w wè etidyan Labib yo k ap fè chanjman nan lavi yo pandan y ap aprann konnen Jewova. Lefètke m al sèvi nan peyi Taywann, mwen  gen opòtinite pou m goute kokenn jwa sa pote pandan plizyè fwa.”

FÈ FAS AK PWOBLÈM LANG

Brian ak Michelle

Brian ak Michelle, yon koup ki nan mitan trantèn yo e ki soti Etazini, gen anviwon uit an depi yo t al sèvi nan peyi Taywann. Okòmansman, yo te santi sa yo te fè nan ministè a pa t gen enpòtans. Men, gen yon misyonè ki gen eksperyans ki te di yo: “Menmsi se lonje nou lonje yon feyè bay yon moun, nou dwe sonje se kapab premye fwa moun nan resevwa yon mesaj konsènan Jewova. Donk, nou deja ap fè yon travay enpòtan nan ministè a!” Pawòl ankourajan sa a te vrèman ede Brian ak Michelle pou yo pa bay vag. Men sa yon lòt frè te di yo: “Pou n ka pa dekouraje, nou dwe evalye pwogrè nou fè nan lang chinwa a apre chak asanble nou fin asiste, nou pa dwe mezire l selon pwogrè nou fè chak jou.” Vrèmanvre, yo te pwogrese e kounye a yo jwenn anpil bon rezilta nan sèvis pyonye a.

Ki sa k ka pouse w aprann yon lòt lang? Eseye vizite peyi kote w ta renmen sèvi a. Asiste reyinyon yo fè nan lang sa a, fè zanmi ak frè ak sè yo epi akonpaye yo nan travay predikasyon an. Men sa Brian di: “Apre w fin wè jan anpil moun byen reyaji devan mesaj Wayòm nan epi w wè lanmou frè ak sè yo demontre youn pou lòt, w ap aksepte fè fas ak difikilte yon moun jwenn lè l al sèvi nan lòt peyi.”

E KONSÈNAN TRAVAY PWOFÀN?

Kristin ak Michelle

Anpil nan moun ki deplase al sèvi kòm pyonye nan peyi Taywann yo bay kou anglè pou yo rive pran swen tèt yo. Kristin ak Michelle ap vann somon. Men sa Kristin esplike: “Mwen pa t janm konn fè sa anvan, men, travay m ap fè a ede m rete nan peyi a.” Apre kèk tan, Kristin te vin jwenn kèk kliyan ki toujou vin achte nan men l. Travay amitan sa a te ede li menm ak fanmi l nan domèn ekonomik e li te pèmèt yo gen ase tan pou aktivite ki pi enpòtan an ki se sèvis pyonye.

“SE POU W PRAN PLEZI NAN SÈVIS OU”

Sa gen anviwon setan depi William ak Jennifer, Yon koup ki soti nan peyi Etazini, te rive nan peyi Taywann. Men sa William di: “Aprann yon lòt lang, sèvi kòm pyonye, pran swen kongregasyon an ak regle kèk bagay nan domèn ekonomik pou fanmi an, konn fè m santi m vrèman fatige.” Ki sa k te ede yo reyisi e ki sa k te ede yo toujou gen kè kontan? Yo te eseye fikse objektif ki rezonab. Pa egzanp, yo pa t atann twòp de yo menm toutpandan y ap aprann chinwa, yo pa t janm twò dekouraje menm lè se tikras pa tikras yo t ap pwogrese.

William ak Jennifer

William fè konnen, yon lè gen yon siveyan itineran ki te di l: “Se pou w pran plezi nan sèvis ou, pa konsantre w sèlman sou kote w vle rive a.” Sa vle di, lè n fin fikse yon objektif espirityèl, nou dwe pran plezi nan etap k ap pèmèt nou atenn objektif la. William di lefètke li menm ak madanm li aplike konsèy sa a, sa pèmèt yo fleksib, yo koute konsèy frè ki gen responsablite nan kongregasyon kote yo ye a e yo fè ajisteman nan fason yo jere bagay yo pou yo ka jwenn siksè nan ministè a pandan yo nan yon lòt peyi. Men sa l di ankò: “Sa te ede n pran tan pou n kontanple bèl bagay ki nan peyi kote yo asiyen nou an.”

Menm jan ak William ak Jennifer, Megan, yon sè pyonye ki selibatè e ki soti Etazini, ‘pran plezi nan sèvis la’ toutpandan l ap eseye atenn objektif li genyen pou l pale lang chinwa a pi byen toujou. Chak wikenn l al preche ak yon gwoup pwoklamatè nan yon bèl tèritwa, anpalan de pi gwo waf nan peyi Taywann ki rele Kaohsiung. Se yon tèritwa ki enteresan anpil. Megan te rive preche bon nouvèl la soti sou yon bato al nan yon lòt e l te preche kèk pechè pwason ki soti Bengladèch, End, Endonezi, Filipin, Tayilann ak Vanouwatou. Men sa Megan di: “Etandone  se pou yon ti tan sèlman pechè pwason yo vin sou waf la, nou kòmanse etidye Labib avèk yo san pèdi tan. Pou m ka preche yo tout, mwen konn etidye avèk kat oswa senk moun anmenmtan.” E ki jan l ap degaje l ak lang chinwa a menm? Men sa l di: “Mwen t ap kontan si m te ka aprann pi vit, men, mwen toujou panse ak sa yon frè te di m yon lè: ‘Fè tout sa w kapab epi Jewova ap fè rès la.’”

Megan

PWOTEKSYON, VI SENP AK KÈ KONTAN

Anvan Cathy ki soti Grann Bretay t al sèvi nan yon lòt peyi, li te fè rechèch pou l te ka wè ki kote li te ka fè sa san pwoblèm antanke sè selibatè. Li te fè Jewova konnen sa nan lapriyè, li te ekri plizyè filyal e l te chèche konnen ki danje sè selibatè yo ka rankontre. Apre sa, li te byen reflechi sou lèt yo te voye pou li yo e l te wè Taywann t ap yon pi bon chwa pou li.

Nan ane 2004, lè Cathy te gen 31 an, li t al sèvi Taywann e li te viv yon fason senp otank posib. Men sa l di: “Mwen te mande frè ak sè yo ki pi bon kote mwen ka achte fwi ak legim ki pa chè. Bon konsèy yo te ban m te pèmèt ti kòb mwen yo fè plis tan.” Ki sa k te ede Cathy kontinye mennen yon vi senp? Men sa Cathy di: “Mwen toujou priye Jewova pou l ede m kontante m ak manje ki senp m ap manje yo ansanm ak rad modès m ap mete yo. Lefètke Jewova fè m konnen sa m vrèman bezwen pou m viv e l ede m kontante m aktout mwen pa gen tout sa m vle, mwen santi Jewova reponn priyè m yo.” Men sa l ajoute: “Mwen renmen lavi senp m ap viv la paske l ede m ret konsantre sou bagay espirityèl.”

Cathy

Sepandan, lavi Cathy ap mennen an pa sèlman senp, li enteresan tou. Men ki esplikasyon l bay: “Mwen kapab preche nan yon tèritwa kote ki gen anpil moun ki byen reyaji devan bon nouvèl la. Sa vrèman fè m kontan!” Lè l te rive nan peyi Taywann te gen de kongregasyon chinwa nan vil li te kòmanse sèvi kòm pyonye a, men kounye a gen sèt kongregasyon. Men sa Cathy fè konnen: “Lè m wè akwasman k ap fèt ak pwòp je m e lefètke m ka patisipe nan rekòt sa a, sa fè m kontan anpil chak jou!”

“ATA MWEN MENM YO BEZWEN!”

Ki jan bagay yo te vin ye pou Choong Keon ak Julie, koup nou te pale de yo nan kòmansman atik la? Okòmansman, Choong Keon te panse lefètke l te limite nan lang chinwa sa t ap fè l pa vrèman itil kongregasyon an. Men, frè ki nan kongregasyon an te wè bagay yo yon lòt jan. Men sa Choong Keon fè konnen: “Lè kongregasyon an te sende, yo te ban m anpil lòt responsablite antanke asistan ministeryèl.” Men sa Choong Keon di toutpandan l ap souri: “Nan moman sa a, mwen te vrèman santi m ap sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè. Se te vrèman estrawòdinè paske ata mwen menm yo bezwen!” Kounye a Choong Keon ap sèvi kòm ansyen. Men sa Julie ajoute: “Nou santi nou reyalize yon bagay, nou satisfè e nou gen kè kontan. Nou pa t janm santi n konsa anvan. Nou te vin la a pou n ede, men, nou santi se nou menm ki jwenn èd grasa bèl eksperyans sa a. Nou di Jewova mèsi paske l pèmèt nou vin sèvi isit la!”

Yo toujou bezwen plis travayè nan rekòt espirityèl la nan anpil peyi. Èske w gentan fini lekòl epi w ap mande tèt ou ki sa w pral fè ak lavi w? Èske w selibatè e w ta renmen pi itil nan òganizasyon Jewova a? Èske w pa ta renmen pou fanmi w vin gen yon pi bèl eritaj espirityèl? Èske w pran retrèt e w gen anpil eksperyans ou ka pataje ak lòt moun? Ou mèt gen asirans w ap jwenn anpil benediksyon si w pran desizyon pou w al preche kote ki gen bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan.