Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman nan peyi Filipin

Yo te ofri tèt yo volontèman nan peyi Filipin

SA GEN anviwon dizan, Gregorio ak Marilou, yon koup marye ki nan trantèn yo, t ap sèvi antanke pyonye pèmanan nan vil Maniy toutpandan yo t ap travay aplentan. Aktout sa te difisil pou yo, yo te reyisi kanmenm. Annapre, Marilou te vin sipèvizè nan bank kote l t ap travay la. Men sa Marilou fè konnen: “Piske n te nan yon bon travay, sa te ban n opòtinite pou nou mennen yon vi ki trè konfòtab.” Anfèt, bagay yo te tèlman ap mache byen pou yo nan domèn ekonomik, yo te deside konstwi kay yo te reve konstwi a. Yo te vle konstwi kay sa a yon bèl ti kote ki nan yon distans 19 kilomèt alès vil Maniy. Yo te siyen yon kontra ak yon konpayi pou ede yo konstwi kay la epi yo te fè aranjman pou yo peye kòb la nan yon seri vèsman yo t ap fè chak mwa sou yon peryòd dizan.

“MWEN TE SANTI MWEN T AP VÒLÈ JEWOVA”

Men sa Marilou di: “Nouvo travay mwen an te tèlman pran tan m, e m te tèlman depanse enèji ladan l, sa te fè zèl mwen te genyen pou bagay espirityèl yo vin bese. Mwen te santi mwen t ap vòlè Jewova.” Men sa l esplike: “Mwen pa t ka bay Jewova tan mwen te pwomèt m ap fè nan sèvis li a ankò.” Lefètke sitiyasyon sa a te fè Gregorio ak Marilou pèdi jwa yo, yon jou, yo te deside chita ansanm pou yo pale konsènan  direksyon lavi yo t ap pran an. Men sa Gregorio di: “Nou te vle fè chanjman nan lavi nou, men, nou pa t konnen egzakteman ki sa pou n fè. Piske n pa gen pitit, nou te pale konsènan fason nou ka itilize lavi nou pi plis toujou nan sèvis Jewova a. Nou te priye Jewova pou l ban nou direksyon.”

Nan epòk sa a, yo te tande plizyè diskou ki te pale konsènan sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Men sa Gregorio fè konnen: “Nou te santi diskou sa yo se te fason Jewova te reponn priyè nou yo.” Mesyedam yo te priye pou yo jwenn plis lafwa yon fason pou yo gen kouraj pou yo ka pran bon desizyon. Youn nan pi gwo pwoblèm yo te genyen se te kay yo t ap konstwi a. Yo te gentan gen twazan depi y ap vèse kòb pou kay la. Ki sa yo t apral fè? Men sa Marilou di: “Si nou te kanpe kontra a, nou t ap pèdi tout kòb nou te gentan peye yo, e ki te yon bon valè. Men, nou te konsidere sa tankou yon chwa n ap fè ant bay Jewova premye plas nan lavi nou ak bay pwòp dezi nou premye plas la.” Piske yo te kenbe pawòl Pòl te di konsènan “aksepte pèdi” a nan lespri yo, yo te kanpe sou pwojè konstwi kay la, yo te kite travay yo, yo te vann pifò nan sa yo te posede epi yo t al abite nan yon vilaj izole ki sou zile Palawan, ki nan yon distans 480 kilomèt nan sid vil Maniy. — Fil. 3:8.

YO TE “APRANN SEKRÈ” A

Anvan Gregorio ak Marilou te deplase, yo te eseye prepare yo pou yo mennen yon vi senp, men, se sèlman lè yo te rive kote yo t apral viv la yo te rann yo kont jis nan ki pwen yo t ap gen pou yo viv senp. Men sa Marilou di: “Se pa ti sezi nou te sezi! Pa t gen kouran, e m pa t jwenn okenn bagay ki te rann lavi a pi fasil. Olye pou n annik sèvi ak yon chodyè elektrik espesyal ki fèt pou kuit diri, nou te oblije koupe bwa epi kuit manje sou bwa dife. Mwen te sonje lè m te konn al achte nan magazen, manje nan restoran, e m te sonje tout lòt bagay ki gen nan gwo vil yo.” Malgre sa, mesyedam yo pa t janm bliye rezon ki fè yo te vin nan vilaj la, e yo pa t pran tan pou yo te vin abitye ak lavi yo t ap mennen an. Men sa Marilou di: “Kounye a, mwen pran plezi pou m gade bèl bagay ki gen nan lanati, san wete zetwal yo k ap briye leswa. Sa k pi enpòtan an, sa fè m plezi pou m wè jan moun yo kontan lè n ap preche yo. Lefètke n ap sèvi bò isit la, nou ‘aprann sekrè’ sou fason pou n kontante n ak sa n genyen.” — Fil. 4:12.

“Pa gen anyen nou ka konpare ak jwa nou jwenn lè n wè pwogrè k ap fèt nan domèn espirityèl. Nou santi lavi nou gen plis sans pase nenpòt lòt lè.” — Gregorio ak Marilou

Men sa Gregorio fè konnen: “Lè n te rive isit la te gen kat Temwen sèlman. Yo te kontan anpil lè m te kòmanse bay yon diskou piblik chak semèn ak lè m te kòmanse jwe gita m nan pandan n ap chante kantik Wayòm nan.” Nan espas yon ane, mesyedam yo te wè jan ti gwoup sa a te vin tounen yon kongregasyon ki gen 24 pwoklamatè k ap fè bonjan pwogrè. Men sa Gregorio fè konnen: “Sa touche n anpil pou n wè jan frè ak sè nan kongregasyon sa a demontre lanmou pou nou.” Men sa mesyedam yo di jodi a lè y ap panse ak plis pase sizan yo gentan fè ap sèvi nan zòn izole sa a: “Pa gen anyen nou ka konpare ak jwa nou jwenn  lè n wè pwogrè k ap fèt nan domèn espirityèl. Nou santi lavi nou gen plis sans pase nenpòt lòt lè.”

“MWEN TE ‘GOUTE E MWEN TE WÈ JAN JEWOVA BON’!”

Nan peyi Filipin, gen prèske 3 000 frè ak sè k al sèvi nan zòn kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Pami yo gen anviwon 500 sè selibatè. Ann pran egzanp Karen.

Karen

Karen, yon sè ki gen anviwon 25 an kounye a, te grandi nan yon zòn ki rele Baggao, nan vil Cagayan. Lè l te adolesan, byen souvan, li te konn ap panse ak fason pou l etann ministè l. Men sa l fè konnen: “Piske m te konnen tan ki rete a vin pi kout epi l te nesesè pou tout kalite moun tande mesaj Wayòm nan, mwen te vle al sèvi kote yo te bezwen plis pwoklamatè.” Byenke kèk moun nan fanmi Karen te ankouraje l fè gwo etid olye pou l al preche nan yon zòn izole, Karen te priye Jewova pou l jwenn direksyon. Li te pale ak moun k ap sèvi nan zòn izole yo tou. Lè l te gen 18 an, li t al viv nan yon zòn izole ki nan yon distans 64 kilomèt parapò ak kote l rete a.

Ti kongregasyon Karen t al ede a te nan yon zòn ki gen anpil mòn ki sou kòt lanmè Pasifik la. Men sa Karen sonje: “Nou te fè twa jou ap mache senpleman pou n soti Baggao pou n al nan nouvo kongregasyon an, nou te monte mòn, desann mòn, e nou te travèse rivyè plis pase 30 fwa.” Men sa l kontinye pou l di: “Mwen te konn fè sizèdtan ap mache pou m al fè kèk nan etid mwen yo, mwen te konn pase nuit lan kay youn nan etidyan yo, epi, nan demen, mwen fè sizèdtan ankò ap mache pou m tounen lakay.” Èske sa te vo lapenn pou l fè tout efò sa yo? Men sa Karen fè konnen toutpandan l t ap souri: “Pafwa janm mwen konn fè m mal anpil, men, mwen t ap kondui plis pase 18 etid. Mwen te ‘goute e mwen te wè jan Jewova bon’!” — Sòm 34:8.

“MWEN TE APRANN KONTE SOU JEWOVA”

Sukhi

Ki sa k te pouse Sukhi, yon sè selibatè ki fèk nan karantèn li e ki t ap viv Ozetazini, pou l al viv nan peyi Filipin? Nan ane 2011, li te asiste yon asanble sikonskripsyon kote yo te fè entèvyou ak yon koup marye. Koup sa a te esplike kòman yo te vann pifò nan sa yo te posede pou y al viv nan peyi Meksik yon fason pou yo bay èd yo nan travay predikasyon k ap fèt nan peyi sa a. Men sa Sukhi fè konnen: “Entèvyou sa a te kòmanse fè m reflechi sou kèk objektif mwen pa t janm reflechi sou yo anvan sa.” Lè Sukhi, ki soti nan yon ras endyen, te aprann yo te bezwen plis moun pou ede pèp Punjabi k ap viv nan peyi Filipin, li te deside ale nan peyi Filipin pou l bay èd li. Èske l te jwenn pwoblèm?

Men sa Sukhi fè konnen: “Sa k te pi difisil pou mwen, se konnen ki sa pou m kenbe ak ki sa pou m vann. Anplis de sa, apre m te fin pase 13 an ap byen viv nan pwòp apatman pa m, mwen t al viv ak fanmi m, men, mwen pa t ap viv byen menm jan m te ye anvan an. Sa pa t fasil, men, se te yon bon fason pou m prepare m  pou m viv yon fason ki senp.” Ki difikilte li te jwenn lè l te rive nan peyi Filipin? Men sa l di: “Etandone tout ti bèt te fè m pè, pi gwo difikilte m te jwenn se lefètke te gen anpil ensèk nan zòn nan epi m te sonje peyi m anpil. Mwen te aprann konte sou Jewova plis pase nenpòt lòt lè!” Èske sa te vo lapenn? Men sa Sukhi di toutpandan l t ap souri: “Jewova di nou ‘teste l pou n wè si l pap vide benediksyon sou nou’. (Mal. 3:10, NW.) Mwen te vin rann mwen kont jis nan ki pwen pawòl sa yo se laverite lè yon moun mwen te rankontre lakay li te di m: ‘Ki lè w ap retounen? Mwen gen plis kesyon toujou.’ Lefètke m wè mwen kapab ede moun ki vle konnen Jewova yo, sa ban m anpil jwa ak anpil satisfaksyon!” Men sa Sukhi kontinye pou l di: “Vrèmanvre, sa k te pi difisil la se te pran desizyon pou m ale a. Apre m fin fè sa, sa vrèman estrawòdinè pou m wè jan Jewova fè bagay yo pase byen pou mwen.”

“MWEN PA PÈ ANKÒ”

Sime, yon frè marye ki prèske gen 40 an, te kite Filipin paske l te jwenn yon travay ki byen peye nan yon peyi nan Mwayenn Oryan. Pandan Sime te nan peyi sa a, ankourajman l te jwenn nan men yon siveyan sikonskripsyon ak nan yon diskou yon manm Kolèj santral la te bay, te pouse l bay Jewova premye plas nan lavi l. Men sa Sime di: “Lè m te konn panse ak kite travay mwen an, mwen te konn strese anpil.” Malgre sa, Sime te kite travay la epi l te retounen nan peyi Filipin. Jodi a, Sime ak madanm li Haidee, ap sèvi nan yon pwovens ki rele Davao del Sur ki nan sid peyi a, yon kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan pou preche gwo tèritwa ki gen nan zòn sa a. Men sa Sime fè konnen: “Lè m ap panse ak fason m t ap viv, mwen vrèman kontan dèske m pa t pè pèdi travay mwen, e dèske m te bay Jewova premye plas nan lavi m. Pa gen okenn bagay ki bay plis satisfaksyon nan lavi a pase lè w fè tout sa w kapab pou Jewova!”

Sime ak Haidee

“LI BAN NOU ANPIL SATISFAKSYON”

Ramilo ak Juliet, yon koup marye k ap sèvi kòm pyonye pèmanan e ki nan kòmansman trantèn yo, te aprann gen yon kongregasyon ki bezwen èd ki nan yon distans 30 kilomèt sèlman parapò ak kote yo rete a, yo te ofri tèt yo pou y al ede l. Konsa, chak semèn, kit te gen lapli kit pa t gen lapli, Ramilo ak Juliet te fè plizyè vwayaj sou moto yo a pou y al asiste reyinyon e pou yo preche. Byenke li te difisil anpil pou yo vwayaje sou wout ki plen twou epi travèse yon seri pon ki fèt ak kòd, yo kontan dèske yo etann ministè yo. Men sa Ramilo fè konnen: “Mwen menm ak madanm mwen ap kondui 11 etid ansanm! Se vre, sa mande anpil sakrifis pou yon moun al sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè, men, sa ban nou anpil satisfaksyon!” — 1 Kor. 15:58.

Juliet ak Ramilo

Èske w ta renmen jwenn plis enfòmasyon konsènan fason w ka al sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan nan peyi kote w ap viv la oswa nan lòt peyi? Si w ta renmen sa, pale ak siveyan sikonskripsyon w lan, epi li atik ki gen tit “Èske w ka ‘vin Masedwàn’? ” ki te parèt nan Ministè Wayòm out 2011 lan.