Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa janm pèdi espwa!

Pa janm pèdi espwa!

Èske w se yon Temwen Jewova k ap sèvi Jewova depi lontan e ki ta renmen wè moun ou marye avè l la vin adore Jewova bò kote w?

Èske w santi w dekouraje dèske moun w ap etidye Labib avè l la, ki sanble te vrèman enterese anvan sa, sispann pran pozisyon pou laverite?

 Gen kèk eksperyans ki soti nan peyi Grann Bretay k ap ede w wè rezon ki fè w pa dwe janm pèdi espwa. Ou pral wè ki sa w gendwa fè tou pou w “voye pen w sou dlo” yon fason pou w ede moun ki poko pran pozisyon pou laverite yo. — Ekl. 11:1.

PÈSEVERANS ENPÒTAN ANPIL

Yon bagay ki enpòtan anpil pou w fè se pèsevere. Ou bezwen kenbe laverite epi ret atache ak Jewova (Det. 10:20). Se sa menm Georgina te fè. Lè l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan ane 1970, Kyriacos, mari l, te fache anpil. Li te eseye kanpe etid la, li pa t kite okenn Temwen antre nan kay la e l te jete tout piblikasyon Temwen Jewova yo ki te tonbe anba men l.

Lè Georgina te kòmanse asiste reyinyon yo, Kyriacos te vin pi an kòlè. Yon jou, li t al nan Sal Wayòm nan pou l fè bri. Piske yon sè te remake Kyriacos te pale grèk pi byen pase anglè, li te telefone yon frè Grèk ki nan yon lòt kongregasyon pou l vin ede yo. Kyriacos te byen reyaji devan bèl atitid frè a te demontre a, e pandan kèk mwa, frè a te menm etidye Labib avè l. Men, annapre, Kyriacos te kanpe etid la.

Georgina te kontinye jwenn opozisyon pandan twazan ankò. Kyriacos te di l li t ap kite l si jamè li ta batize. Jou l t ap batize a, li te priye Jewova anpil pou Kyriacos pa kite l. Lè Temwen yo te vin chèche Georgina pou l al nan asanble a, Kyriacos te di yo: “Nou mèt pran devan. N ap suiv nou nan machin nou an.” Li te asiste sesyon maten an e l te gade madanm li k ap batize!

Anviwon 40 an apre Georgina te rankontre Temwen yo pou premye fwa a, li te wè mari l batize.

Annapre, opozisyon Kyriacos yo te vin diminye, e tikras pa tikras, li te fè gwo chanjman. Anviwon 40 an apre Georgina te rankontre Temwen yo pou premye fwa a, li te wè mari l batize! Ki sa k te ede Kyriacos? Men sa l di: “Mwen kontan dèske Georgina pa t kite anyen fè l sispann adore Jewova.” Georgina te di: “Malgre tout opozisyon m te jwenn nan men mari m, mwen pa t sispann adore Bondye m nan. Pandan tout tan sa a, mwen te kontinye priye e m pa t janm pèdi espwa.”

NOUVO PÈSONALITE A ENPÒTAN ANPIL

Yon lòt bagay k ap ede w nan efò w ap fè pou w ede moun ou marye avè l la, se chèche vin gen pèsonalite kretyen an. Men ki konsèy apot Pyè te bay madanm ki kretyen yo: “Se pou nou soumèt devan mari nou, konsa, si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou.” (1 Pyè 3:1). Christine te suiv konsèy sa a, men, li te pran plizyè ane pou l genyen mari l. Lè l te vin Temwen, sa gen plis pase 20 an, John, mari l, pa t santi l bezwen Bondye nan lavi l. John pa t anvi foure kò l nan zafè relijyon, sepandan, li te kapab wè jan nouvo relijyon Christine nan te enpòtan pou Christine. Men sa John di: “Mwen te ka wè jan relijyon an te fè Christine kontan. Li te vin gen bonjan fòs moral, mwen te ka fè l konfyans, e sa te ede m lè m t ap fè fas ak kèk sitiyasyon ki difisil.”

Christine pa t janm fòse mari l aksepte relijyon l lan. Men sa mari a te rekonèt: “Depi okòmansman, Christine te rann li kont li pi bon pou l pa pale avè m de relijyon l lan, e, avèk pasyans, li te kite m aprann nan vitès pa m ak nan fason pa m.” Lè Christine te wè yon atik nan Toudegad oswa nan Réveillez-vous! ki pale sou yon sijè li konnen John t ap twouve ki enteresan, tankou sou lasyans ak lanati, li te lonje yo bay John epi l di l: “Mwen panse w ap kontan li atik sa a.”

Annapre, John te pran retrèt li e l te aksepte fè kèk ti travay nan jaden. Etandone li te gen plis tan pou l panse ak gwo kesyon ki gen nan lavi a, li te kòmanse ap reflechi konsa: ‘Èske se akoz yon seri aksidan ki fè nou la oswa nou te kreye nan yon objektif?’ Yon jou, gen yon frè ki te konn chat sou Entènèt ak John ki te mande l: “Ki sa w panse de yon etid?” Men sa John di: “Nan moman mwen te kòmanse kwè nan Bondye a. Mwen te aksepte òf li te fè m nan.”

Se pa ti enpòtan li te enpòtan dèske Christine pa t janm pèdi espwa! Apre l te fin pase 20 an ap priye Jewova pou John aksepte laverite, John te batize. Kounye a, y ap sèvi Jewova ansanm e yo zele nan sèvis y ap ba l la. Men sa John fè konnen: “Gen de bagay an patikilye ki te fè m vin nan laverite. Jantiyès ak amitye Temwen yo. Epi, lè w marye ak yon Temwen Jewova, ou gen yon madanm ki fidèl, ou ka fè konfyans e ki pa wè tèt li sèlman.” Vrèmanvre, Christine te aplike pawòl ki nan 1 Pyè 3:1 yo, e sa te fonksyone!

 GEN SEMANS KI BAY FWI PLIZYÈ ANE APRE

Ki sa n ka di konsènan etidyan Labib ki, pou yon rezon oswa yon lòt, gendwa pèdi enterè yo te genyen anvan sa? Men sa wa Salomon te ekri: “Nan maten, plante semans ou e jis nan aswè pinga w ralanti nan travay la, ou pa konnen ki kote w ap jwenn siksè, swa la a swa yon lòt kote, oubyen si toule de pap bay bon rannman.” (Ekl. 11:6, NW). Pafwa, semans verite a kapab pran anpil ane pou l kòmanse grandi. Malgre sa, yon moun kapab vin rann li kont li enpòtan pou l pwoche kot Bondye (Jak 4:8). Vrèmanvre, yon jou, ou gendwa jwenn yon bèl sipriz.

Ann pran egzanp Alice, ki te kite peyi End pou l al viv ann Angletè. An 1974, li te kòmanse etidye Labib. Li te pale lang indi, men, li te vle fè pwogrè nan lang anglè. Etid la te kontinye pandan kèk ane, e Alice te asiste kèk reyinyon nan yon kongregasyon ki pale lang anglè. Li te konnen sa l ap etidye a se te laverite, men, li te pran sa pou yon pastan. Dayè, li te renmen lajan anpil, e l te renmen al nan fèt. Finalman Alice te vin kanpe etid la.

Prèske 30 an annapre, Stella, sè ki t ap kondui etid Alice la, te resevwa yon lèt Alice te voye pou li. Men sa ki te ekri nan lèt la: “Mwen sèten w ap kontan aprann etidyan Labib ou te genyen an 1974 la te batize nan dènye kongrè distri ki sot genyen an. Ou te jwe yon wòl ki vrèman enpòtan nan lavi m. Ou te plante semans laverite a nan mwen, e menmsi, nan epòk sa a, mwen potko prè pou m vwe lavi m bay Bondye, mwen te kenbe semans verite sa a nan kè m ak nan lespri m.”

Men sa k te ekri nan lèt Alice te voye bay Stella a: “Mwen sèten w ap kontan aprann etidyan Labib ou te genyen an 1974 la te batize nan dènye kongrè distri ki sot genyen an.”

Ki sa k te pase menm? Alice fè konnen li te vin deprime anpil apre mari l te fin mouri an 1997. Li te priye Bondye, e apre 10 minit, de Temwen ki pale lang punjabi te frape pòt kay li e yo te kite feyè Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri? a pou li. Alice te santi Bondye te reponn priyè l la e l te deside pran kontak ak Temwen Jewova yo. Men, ki kote l te ka jwenn yo? Je l te tonbe sou yon vye kanè ki te gen adrès kongregasyon Punjabi, Stella te ba li a. Alice t al vizite Sal Wayòm nan, e frè ak sè ki pale punjabi yo te byen akeyi l. Men sa Alice di: “Mwen te kontinye santi lanmou yo te demontre pou mwen an menm apre mwen te kite Sal la, e sa te ede m pou m pa santi m deprime ankò.”

Li te kòmanse asiste reyinyon yo regilyèman, li te rekòmanse etidye Labib e l te aprann li ak pale lang punjabi trè byen. Li te batize nan ane 2003. Men ki jan l te fini lèt li te voye bay Stella a: “Mèsi anpil dèske w te plante semans sa yo nan kè m sa gen 29 an e dèske w te kite yon bon egzanp pou mwen pou m suiv.”

“Mèsi anpil dèske w te plante semans sa yo nan kè m sa gen 29 an e dèske w te kite yon bon egzanp pou mwen pou m suiv.” — Alice

Ki sa nou ka aprann nan eksperyans sa yo? Si yon moun vle konnen Bondye, li onèt epi l gen imilite, Jewova ap pèmèt verite a grandi nan kè l, menmsi sa gendwa pran plis tan pase sa w t ap atann. Sonje pawòl Jezi te di nan egzanp li a: “Semans lan leve, li grandi, san [moun k ap simen an] pa konn ki jan. Tè a poukont li fè l donnen tikras pa tikras: toudabò branch pouse, apre sa li fè grap, alafen, grenn nan vin mi nan grap la.” (Mak 4:27, 28). Yon kwasans konsa fèt tikras pa tikras e l fèt “poukont li”. An reyalite, okenn pwoklamatè Wayòm nan pa konn ki jan sa ka fèt. Kidonk, kontinye simen anpil, e konsa, w ap ka rekòlte plis toujou.

Epi, pa janm bliye enpòtans lapriyè genyen. Georgina ak Christine te kontinye priye Jewova. Si w “pèsevere nan lapriyè” e w pa janm pèdi espwa, “apre plizyè jou”, ou ka rejwenn “pen” ou te voye sou dlo yo ankò. — Wom. 12:12; Ekl. 11:1.