Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tout moun ta renmen gen yon avni ki sèten

Tout moun ta renmen gen yon avni ki sèten

Ki jan w ta renmen avni w ye? Tankou pifò moun, sandout, ou ta renmen gen yon avni ki sèten pou ou menm ak fanmi w, kote w ap gen kè kontan, bonjan sante, Lapè, ak tout lòt bagay ou bezwen.

Sepandan, anpil moun pa fin kwè avni yo ap jan yo te swete a. Yo te wè yon seri evènman sanzatann, tankou pandemi COVID-19 la, ki mete monn nan tèt anba, ki kraze ekonomi monn nan, e menm lakòz anpil moun mouri. E kòm rezilta, yo santi avni yo pa asire ditou.

Lefètke moun yo gen dout sou avni yo konsa, yo fè anpil efò pou yo chèche yon bagay ki ka fè yo gen yon pi bon avni. Gen kèk nan yo ki kwè nan yon seri fòs yo pa ka wè tankou desten ak chans. Anpil nan yo chèche fè gwo etid e yo chèche gen anpil lajan, yo panse bagay sa yo ka ba yo garanti y ap jwenn sa yo vle. Gen lòt moun ki panse si yo se bon moun se tout sa yo bezwen pou yo byen viv.

Èske youn nan opsyon sa yo ka ede w jwenn avni w swete a? Pou w jwenn repons lan, w ap bezwen egzamine kesyon sa yo:

  • Kòman w ka fè konnen ki jan avni w ap ye toutbon?

  • Èske edikasyon ak lajan ka garanti yon pi bon lavi?

  • Èske si w se yon bon moun sa ap garanti w yon avni ki sèten?

  • Ki kote w ka jwenn yon gid ou ka fè konfyans pou yon pi bon avni?

Nimewo Toudegad sa a ap ede w jwenn repons yo.