Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezon ki fè lavi a gen sans

Rezon ki fè lavi a gen sans

Philippe te gen pou l fè yon gwo operasyon nan kè l ennan sèlman apre madanm li te mouri. Men sa l di: “Lè m ap li liv Jòb la, mwen konprann Jewova te gen yon rezon ki fè l te mete I nan Bib la. Lè n ap soufri anpil e nou jwenn egzanp yon moun nan Bib la ki te viv menm bagay avè n, sa soulaje nou.” Men sa l di ankò: “Lavi a toujou gen sans.”

Natacha te jèn lè manman l te mouri. Men sa l di: “Lefètke m konnen Kreyatè m nan, sa bay lavi m yon sans, m gen yon esperans e m gen kè kontan, malgre tout pwoblèm mwen genyen yo. Nou gen konfyans Jewova kapab soutni nou e li kapab ede nou nan sitiyasyon n ap viv chak jou.”

NAN atik ki vin anvan yo, nou te wè ki jan divès kalite evènman ki make nou ka fè lavi a parèt difisil anpil. Pandan w ap andire pwoblèm ou yo, ou ka ap mande tèt ou si lavi a gen sans oubyen si gen yon moun ki enterese nan ou toutbonvre. Ou mèt gen konfyans Bondye wè jan w ap soufri. Ou gen anpil valè pou li.

Moun ki te ekri Sòm 86 la te pale sou konfyans li gen nan Bondye konsa: “Lè m gen pwoblèm, se ou menm mwen rele paske w ap reponn mwen.” (Sòm 86:7). Sepandan, ou ka ap mande tèt ou: “Ki jan Bondye ap reponn mwen, lè m rele l ‘lè m gen pwoblèm’ ?”

Se vre, sa ka rive Bondye pa rezoud pwoblèm ou yo tousuit, men Labib, Pawòl li a, ban nou asirans li kapab ban nou lapè nan lespri n pou ede n fè fas ak yo. Men sa Labib di: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” (Filipyen 4:6, 7, nòt). Silvouplè, reflechi sou vèsè ki vin apre yo, paske yo fè n gen konfyans Bondye vrèman enterese nan nou.

Bondye gen sousi pou ou

“Bondye pa bliye menm youn [nan tikit] yo [...], nou gen plis valè pase anpil tikit.”  Lik 12:6, 7, nòt.

REFLECHI SOU SA: Lè w byen gade, ti zwazo ki rele tikit la gendwa pa menm enpòtan pou anpil moun, epoutan, Bondye li menm enterese nan yo. Bondye pa bliye menm youn nan tikit yo, menm lè yo toupiti; yo chak se bagay Bondye kreye ki gen anpil valè. Lèzòm gen plis valè lontan pou Bondye pase tikit yo. Pami tout bagay Bondye kreye met sou tè a, se lèzòm li bay plis valè, li fè yo “pòtre” ak li e li ba yo kapasite pou yo gen bèl kalite li genyen yo e pou yo demontre kalite sa yo. — Jenèz 1:26, 27.

“O Jewova, ou egzamine m e w konnen m. [...] Ou byen konnen tout sa k ap pase nan lespri m. [...] Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo.”  Sòm 139:1, 2, 23.

REFLECHI SOU SA: Bondye byen konnen w. Li konnen santiman ak enkyetid ou genyen ki pi fon nan kè w. Lòt moun gendwa pa konprann sitiyasyon difisil ou ladan l lan, men Bondye gen sousi pou ou e li vle ede w. E sa bay lavi w yon sans!

Lavi w gen yon sans

“O Jewova, koute priyè m. Lè m rele w pou w ede m, se pou rèl mwen fè a rive jwenn ou. [...] Panche zòrèy ou pou w koute m. Prese reponn mwen lè m rele w. [...] L ap koute priyè moun ki pòv yo.”  Sòm 102:1, 2, 17.

REFLECHI SOU SA: Se tankou depi lè lèzòm kòmanse soufri, Jewova wè chak ti gout dlo ki sot nan je yo akoz soufrans yo (Sòm 56:8). Dlo ki sot nan je w yo ladan l tou. Bondye sonje tout eprèv ou yo ak tout dlo nan je w yo paske w gen anpil valè nan je l.

“Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. [...], mwen menm, Jewova, Bondye w la, [...], mwen se Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w.’”  Ezayi 41:10, 13.

REFLECHI SOU SA: Bondye toujou pare pou l ede w. Si w tonbe, l ap leve w.

Ou mèt gen espwa lavni ap pi bon

“Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.”  Jan 3:16.

REFLECHI SOU SA: Bondye tèlman renmen w, li te chwazi bay Jezi, Pitit li a, kòm sakrifis pou ou. Grasa sakrifis sa a, ou gen posiblite viv ak kè kontan pou toutan *.

Byenke w ka gen pwoblèm, e lavi a ka parèt difisil anpil pou ou, pran san w pou w etidye Pawòl Bondye a e pou w fè lafwa w vin solid nan esperans Bondye pwomèt la. Sa ap fè w gen kè kontan nan lavi w e w ap gen asirans lavi a gen sans.

^ Pou w aprann plis bagay sou sakrifis Jezi a, gade videyo Sonje lanmò Jezi a. Li sou sit www.isa4310.com/ht a. Gade anba ribrik ENFÒMASYON SOU NOU > MEMORYAL.