Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa w panse?

Ki sa w panse?

Èske Labib ka ede w vin zanmi Bondye?

GEN KÈK MOUN KI KWÈ . . .

yo pa ka vin zanmi Bondye paske yo santi yo pa bon oswa yo fè twòp peche. Gen lòt moun ki di Bondye pa ban nou regle anyen pou li. Ki sa w panse?

SA BIB LA DI

Bondye “bon zanmi ak moun ki dwat”. (Pwovèb 3:32.) Si nou obeyi Bondye, n ap kapab vin zanmi l.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Bondye vle vin zanmi nou. — Jak 4:8.

  • Antanke zanmi nou, Bondye pare pou l ede nou epi padone nou. — Sòm 86:5.

  • Zanmi Bondye yo renmen sa l renmen e yo rayi sa l rayi. — Women 12:9.