Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fòm koki lanmè yo

Fòm koki lanmè yo

KOKI lanmè yo pèmèt ti bèt ki viv anndan yo a rive viv nan kondisyon ki difisil anpil, e ti bèt sa yo menm rive fè fas ak gwo danje yo konn jwenn nan fon lanmè paske koki yo byen pwoteje yo. Kapasite koki yo genyen pou yo bay bonjan pwoteksyon an fè anpil enjenyè etidye fòm yo ak fason yo ye a pou yo wè si yo ta ka fè machin oswa bilding ki ka rive pwoteje moun ki anndan yo menm jan koki yo pwoteje ti bèt ki anndan yo.

Fè yon ti reflechi: Plizyè enjenyè te egzamine de fòm koki: youn ki ka ouvri de bò ak yon lòt ki gen fòm yon vis.

Lè yo te egzamine koki ki ka ouvè de bò a, yo te rann yo kont lè l pran chòk, se kote pwent li yo kole youn ak lòt la ak arebò l yo chòk la al reponn. Alòske, koki ki gen fòm vis la, lè l pran chòk, se kote ki pi laj yo ak nan mitan l chòk la al reponn. Nan toule de ka sa yo, enjenyè yo rann yo kont lè koki sa yo pran chòk, se pati ki pi solid yo ki resevwa chòk la, sa vle di, menmsi chòk la ta fò anpil, li pap vrèman fè ti bèt ki anndan yo a anyen.

Moun ki konn fè rechèch yo te fè yon tès menm jan an sou yon seri bagay yo fè ki sanble tèt koupe ak vrè koki yo (yo pwodui bagay sa yo nan yon enprimant 3D). Tès sa a montre vrè koki yo gen de fwa plis rezistans pase sa yo fè yo.

Men sa yon jounal syantifik di sou jan tès sa a ka itil: “Si yon jou w ta rive gen yon machin ki gen fòm koki, nonsèlman l ap bèl anpil, men lè w anndan l, l ap byen pwoteje w.” — Scientific American.

Ki sa w panse? Èske fòm koki lanmè yo egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè yo?