Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON W KA JWENN SOULAJMAN ANBA STRÈS

Ki sa w ka fè lè w anba strès?

Ki sa w ka fè lè w anba strès?

Si w vle byen jere strès, ou bezwen panse ak sante fizik ou, fason w boule ak lòt moun, objektif ou ak sa w bay plis enpòtans nan lavi w. Atik sa a pral egzamine kèk bonjan prensip ki ka ede w pi byen reyaji lè w anba strès oubyen menm ede w diminye strès ou.

Eseye viv yon jou alafwa

“Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.” — MATYE 6:34.

Men sa sa vle di: Enkyetid nou gen chak jou yo fè pati lavi a. Men, pa ajoute pwoblèm demen sou sa w gen jodi a. Eseye viv yon jou alafwa.

  • Strès ka lakòz ou gen enkyetid. Donk, eseye fè sa ki annapre a: Premyèman, rekonèt gen strès ou pap ka evite. Lè w plede ap enkyete w pou bagay ou pa ka anpeche rive, sa ap fè w gen plis strès. Dezyèmman, konprann bagay yo pa souvan rive jan nou konn ap enkyete nou pou yo a.

Pa atann twòp de tèt ou

“Sajès ki sot anwo a se yon sajès [...] ki rezonab.” — JAK 3:17.

Men sa sa vle di: Pinga w chèche lapèfeksyon. Evite atann twòp de tèt ou ak lòt moun.

  • Se pou w rekonèt limit ou ak limit pa lòt moun, epi etabli prensip ki rezonab. Lè w fè sa, sa ap fè ni ou menm ni lòt moun ki bò kote w gen mwens strès e l ap pi fasil pou nou jwenn bon rezilta. Epitou, bat pou w renmen fè blag. Lè w ri menm lè gen yon bagay mal ki rive, sa diminye tansyon an e w santi w pi byen.

Chèche konnen ki sa k fè w strese

“Yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm.” — PWOVÈB 17:27.

Men sa sa vle di: Santiman negatif gendwa fè w pa ka panse yon fason klè, donk, eseye rete kalm.

  • Chèche konnen ki sa k fè w strese, epi gad ki jan w reyaji lè sa a. Pa egzanp, lè w santi w strese, gad ki jan w panse, jan w santi w ak fason w konpòte w, petèt ou ka menm ekri sa. Lè w byen konnen fason w reyaji devan strès, petèt ou ka pi byen jere l. Panse tou ak fason w ka elimine bagay ki lakòz strès nan lavi w. Si sa pa posib, chèche wè ki fason w ka diminye efè yo genyen sou ou, petèt lè w gen yon pi bon kontwòl sou travay ou gen pou w fè ak sou tan w.

  • Eseye chanje fason w wè bagay yo. Sa ki ba w strès ka pa bay lòt moun strès. Gendwa se fason nou wè bagay yo ki fè sa. Gade twa konsèy sa yo:

    1. Pa prese panse yon moun gen move mobil. Yon moun ka pase devan w nan yon liy. Si w gentan panse moun nan fè yon move bagay, ou ka fache. Ou te kapab di tèt ou pito moun nan dwe gen yon bon rezon pou sa. E w ka byen panse!

    2. Chèche wè bon kote nan yon sitiyasyon. Pandan w ap fè anpil tan ap tann yon doktè oubyen w ap tann nan ayewopò, si w sèvi ak tan sa a pou w fè lekti oswa pou w fè yon travay oubyen pou w tcheke imel ou, w ap gen mwens strès.

    3. Konsidere tout aspè nan yon sitiyasyon. Mande tèt ou: “Èske pwoblèm sa a ap yon gwo pwoblèm demen oubyen apre demen?” Fè diferans ant pwoblèm ki grav ak sa ki pa grav.

Fè efò pou w gen lòd

“Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd.” — 1 KORENTYEN 14:40.

Men sa sa vle di: Eseye toujou met lòd nan lavi w.

  • Nou renmen lè gen yon setèn lòd nan lavi a. Yon bagay ki ka fè gen dezòd ak strès se lè yon moun toujou ap kite sa l gen pou l fè nan jodi pou demen, sa ka fè l vin gen anpil travay ki pa fini e ki pa janm sispann ogmante. Sa w panse si w ta eseye suiv de konsèy sa yo?

    1. Fè yon pwogram ki rezonab, epi byen suiv li.

    2. Chèche idantifye epi korije nenpòt atitid ou genyen ki fè w toujou ap kite sa w gen pou w fè nan jodi pou demen.

Chèche viv yon fason ki ekilibre

“Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — EKLEZYAS 4:6.

Men sa sa vle di: Moun ki kite travay vin yon dwòg pou yo ka pa jwenn byenfè nan ‘plede travay di’. Yo ka pa jwenn tan oswa fòs pou yo pwofite sa yo te travay pou yo genyen.

  • Se pou w gen yon pwennvi ekilibre sou travay ak lajan. Lè yon moun gen plis lajan, sa pa vle di l ap gen plis kè kontan oubyen l ap gen mwens strès. Anfèt, se lekontrè a ki ka rive. Eklezyas 5:12 di: “Pakèt byen moun rich la genyen yo pa kite l dòmi.” Donk, chèche viv selon mwayen w.

  • Kreye tan pou w detann ou. Ou ka diminye strès ou lè w fè aktivite w renmen. Sepandan, detant kote ou jis ap suiv sa lòt moun ap fè, tankou gade televizyon, gendwa pa ede w.

  • Kite teknoloji nan plas li. Pa plede ap tcheke imel, mesaj oswa al sou rezo sosyal. Pa tcheke imel ki gen rapò ak travay nan lè ki pa lè travay la, amwenske gen sikonstans ki oblije w fè sa.

Pran swen sante w

“Egzèsis fizik itil.” — 1 TIMOTE 4:8.

Men sa sa vle di: Lè yon moun fè egzèsis regilyèman, sa fè l gen yon pi bon sante.

  • Chèche gen bon abitid. Lè w fè egzèsis, sa ka fè w santi w pi byen e sa ka fè kò w pi byen reyaji devan strès. Manje manje k ap bon pou kò w, epi pa evite manje nan lè w dwe manje. Asire w ou repoze ase.

  • Evite yon seri “solisyon” k ap fè w soufri, tankou fimen oswa pran dwòg ak bwè twòp bwason ki gen alkòl. Alalong, bagay sa yo kapab ogmante strès ou, yo ka nwi sante w e fè w gaspiye lajan w te redi fè.

  • Si strès la vin twòp pou ou, al wè doktè. Nou pa dwe santi n jennen pou n chèche èd nan men yon pwofesyonèl nan domèn nan.

Fikse priyorite w

“Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — FILIPYEN 1:10.

Men sa sa vle di: Byen egzamine sa w bay priyorite yo.

  • Fè yon lis aktivite w gen pou w fè selon sa k pi enpòtan pou ou. Sa ap ede w konsantre w sou sa k gen plis enpòtans, e w ap wè kiyès ladan yo ou ka kite pou yon lòt lè, kiyès ou ka bay lòt moun fè oubyen ou ka menm pa fè.

  • Pandan yon semèn, note fason w sèvi ak tan w. Apre sa, chèche wè ki pi bon fason w ka sèvi avè l. Tank ou gen kontwòl sou tan w, se tank w ap gen mwens presyon.

  • Pwograme tan pou w detann ou. Menm ti poz tou kout ka reba w fòs, e sa ka fè w gen mwens strès.

Chèche jwenn èd

“Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan.” — PWOVÈB 12:25.

Men sa sa vle di: Pawòl janti ki demontre konpasyon lòt moun di w ka fè w santi w pi byen.

  • Pale ak yon moun ki ka konprann ou. Yon bon zanmi ka ede w wè bagay yo yon fason ki diferan e li ka menm ede w jwenn yon solisyon ou pa t menm imajine. Epi, lefètke w pale sou sitiyasyon an sèlman, sa ka fè w santi w pi byen.

  • Mande èd. Èske w ka bay lòt moun fè yon travay pou ou oswa w ka pataje responsablite w genyen?

  • Si yon kòlèg travay ou fè w santi w strese, chèche wè ki fason w ka amelyore sitiyasyon an. Pa egzanp, èske w pa ta ka di l avèk jantiyès e avèk konsiderasyon ki jan l fè w santi w (Pwovèb 17:27)? Si demach sa a pa bay bon rezilta, èske w ka redui sou tan ou pase avè l?

Chèche direksyon nan men Bondye

“Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — MATYE 5:3.

Men sa sa vle di: Se pa manje, rad ak kay sèlman nou bezwen. Nou bezwen gen bon relasyon ak Bondye tou. Pou n ka gen kè kontan, nou dwe pran konsyans nou bezwen Bondye e nou dwe satisfè bezwen sa a.

  • Lapriyè kapab ede w anpil. Bondye envite n “lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou”. (1 Pyè 5:7.) Priye epi medite sou bon bagay, w ap santi w vrèman anpè. — Filipyen 4:6, 7.

  • Li bagay k ap fè w vin pi pwòch Bondye. Prensip nou egzamine nan peryodik sa a soti nan Bib la. Bondye te fè ekri Bib la pou ede n pran konsyans nou bezwen l. Epitou, prensip sa yo ede n ‘gen sajès e yo ede n aprann reflechi’. (Pwovèb 3:21.) Sa w panse si w ta fikse objektif pou w li Labib? Se t ap yon bon bagay si w kòmanse ak liv Pwovèb la.