Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

Fason yo te simen premye semans Wayòm nan nan peyi Pòtigal

Fason yo te simen premye semans Wayòm nan nan peyi Pòtigal

PANDAN lanm lanmè oseyan Atlantik la t ap frape bato a ki te nan wout pou l al ann Ewòp, George Young, youn nan pasaje yo, t ap reflechi avèk satisfaksyon sou fwi Wayòm nan li te kite nan peyi Brezil *. Men, pandan vwayaj la, frè Young te vin ap panse ak nouvo asiyasyon l lan, anpalan de gwo tèritwa yo potko janm preche nan peyi Espay ak nan peyi Pòtigal. Kou l rive, li te espere l ap ka pran dispozisyon pou frè J. F. Rutherford bay kèk diskou ki baze sou Bib la e pou yo distribye 300 000 feyè.

George Young te fè anpil vwayaj sou lanmè pou l al preche.

Lè frè Young rive Lizbòn nan sezon prentan ane 1925, li te jwenn bagay yo tèt anba. Revolisyon repibliken ki te fèt nan ane 1910 la te met fen nan monachi a e l te fè Legliz katolik pèdi pifò nan pouvwa l te genyen. Popilasyon an te vin gen plis libète, men te kontinye gen gè sivil nan peyi a.

Pandan frè Young t ap fè preparasyon pou diskou frè Rutherford la, gouvènman an te met lalwa masyal akoz gen moun ki t ap eseye fè yon koudeta. Sekretè Sosyete biblik britanik ak etranje a te avèti frè Young l ap jwenn anpil opozisyon. Malgre sa, frè Young te mande pèmisyon pou l itilize jimnazyòm lekòl segondè Kamòyz la, e l te jwenn pèmisyon an!

Kounye a, 13 me rive, se dat yo te chwazi pou diskou frè Rutherford la. Anpil moun t ap tann diskou sa a! Afich ki te sou bilding yo ak piblisite yo te fè nan jounal te anonse diskou piblik la ki gen tit: “Fason n ka viv sou tè a pou toutan.” San pèdi tan, opozan relijye yo te pibliye yon atik nan yon jounal yo genyen pou yo avèti lektè yo kont yon seri “fo pwofèt” ki fèk vini. Epitou, nan antre jimnazyòm nan, opozan yo te bay plizyè milye bwochi ki gen enfòmasyon ki kont ansèyman frè Rutherford te bay yo.

Sepandan, te gen anviwon 2 000 moun ki te rive jwenn plas nan lokal la, e te gen menm kantite a ki pa t ka antre. Gen moun ki enterese ki te pandye sou yon seri echèl ki fèt ak kòd sou kote jimnazyòm nan, e gen lòt ki te kanpe sou materyèl yo fè spò yo.

Men, te gen kèk ti pwoblèm. Opozan yo t ap fè bri e yo t ap kraze chèz. Men, frè Rutherford te metrize l e l te ret kalm, li te monte sou yon tab yon fason pou tout moun te ka tande l. Lè l te fini, li te prèske minui, te gen plis pase 1 200 moun ki enterese ki te kite non yo ak adrès yo pou yo te ka jwenn piblikasyon ki baze sou Bib la. Nan demen, gen yon jounal ki rele O Século ki te pibliye yon atik sou diskou frè Rutherford la.

Nan mwa septanm 1925, yo te kòmanse pibliye Toudegad nan lang pòtigè nan peyi Pòtigal (Anvan sa, yo te gentan pibliye Toudegad nan lang pòtigè nan peyi Brezil). Prèske nan menm epòk sa a, gen yon Etidyan Labib nan peyi Brezil ki rele Virgílio Ferguson ki te kòmanse planifye pou l al Pòtigal pou l ka bay èd li nan travay Wayòm nan. Anvan sa, li te konn travay ak frè Young nan ti filyal Etidyan Labib yo te genyen nan peyi Brezil la. Apre yon ti tan, Virgílio ak madanm li, Lizzie, te pran bato pou y al jwenn frè Young ankò. Frè Ferguson te rive atan, paske frè Young pa t ret anpil tan pou l deplase al preche nan lòt tèritwa yo te voye l, e sa gen ladan l Inyon Sovyetik.

Pèmi sejou pou Lizzie ak Virgílio Ferguson, 1928.

Apre yon koudeta militè te vin enstale yon gouvènman diktatè nan peyi Pòtigal, te vin gen plis opozisyon. Avèk kouraj, frè Ferguson te rete e l te pran dispozisyon pou pwoteje ti gwoup Etidyan Labib ki te genyen an e pou ankouraje yo nan aktivite yo. Li te mande pèmisyon pou l itilize kay li pou òganize reyinyon yo regilyèman. Nan mwa oktòb 1927, li te jwenn pèmisyon an.

Nan premye ane diktati a, te gen anviwon 450 moun nan peyi Pòtigal ki te fè yon abònman Toudegad. Mete sou sa, grasa feyè yo ak bwochi yo, yo te rive simaye pawòl verite a byen lwen nan Anpi pòtigè a, tankou nan zòn Angola, Asorès, Kapvè, Timò oryantal, Gowa, Madè ak Mozanbik.

Nan fen ane 1920 yo, Manuel da Silva Jordão, yon kiltivatè pòtigè ki te gen imilite, te vin Lizbòn. Lè l t ap viv Brezil, li te tande yon diskou piblik frè Young te bay. Byen vit, li te wè se laverite e l te chofe pou l ede frè Ferguson fè plis nan travay predikasyon an. Pou Manuel te rive fè sa, li te kòmanse sèvi kòm kòlpòtè, jan yo te rele pyonye yo nan epòk sa a. Piske travay pou enprime ak distribye piblikasyon ki baze sou Bib la te byen òganize kounye a, nouvo kongregasyon ki nan Lizbòn nan te fè pwogrè!

An 1934, frè ak sè Ferguson te oblije tounen nan peyi Brezil. Sepandan, yo te simen semans verite a. Pandan te gen boulvèsman ann Ewòp nan epòk gè sivil ki te eklate ann Espay la ak Dezyèm Gè mondyal la, gwoup frè ak sè fidèl ki te nan peyi Pòtigal la te fè anpil efò pou yo te ret djanm nan domèn espirityèl. Pandan yon tan, yo te sanble bwa dife, men an 1947, yon fason senbolik, dife gwoup sa a te vin limen ankò lè John Cooke, premye misyonè a, ki te resevwa fòmasyon nan Lekòl Galaad, te rive. Annapre, yo pa t ka anpeche kantite pwoklamatè Wayòm nan kontinye ogmante. Menm lè gouvènman an te entèdi aktivite Temwen Jewova yo an 1962, te kontinye gen akwasman. Nan mwa desanm 1974, lè Leta te rekonèt travay Temwen Jewova yo t ap fè a, te gen plis pase 13 000 pwoklamatè nan peyi a.

Jodi a, gen plis pase 50 000 pwoklamatè Wayòm nan k ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a nan peyi Pòtigal ak nan plizyè zile kote yo pale pòtigè, sa gen ladan l Asorès ak Madè. Jodi a, pami pwoklamatè sa yo, gen ladan yo ki se twazyèm jenerasyon nan moun ki te asiste diskou frè Rutherford te bay nan ane 1925 lan, yon diskou moun pap janm bliye.

Nou remèsye Jewova ak premye frè ak sè fidèl sa yo ki te gen kouraj pou yo pran latèt nan fè travay la antanke “sèvitè Kris Jezi pou nasyon yo”. — Wom. 15:15, 16. — Bagay ki nan achiv nou nan Pòtigal.

^ § 3 Gade atik ki gen tit “Gen anpil travay ki pou fèt nan rekòt la” ki te parèt nan Toudegad 15 me 2014, paj 31-32.