Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 94

Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a

Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a

(Filipyen 2:16)

  1. 1. Jewova, Papa nou, nou vle di’w mèsi

    Pou Labib, Pawòl ou, ki fè nou plezi.

    Tout sa’k nan Ekriti yo,

    se ou’k enspire yo,

    Yo fè’n jwenn konesans, yo se bèl kado.

  2. 2. Pawòl ou ka rive jis nan fon kè nou.

    L’ede nou egzamine tèt nou chak jou.

    Lwa’w yo klè e yo pafè,

    jijman’w yo toujou bon.

    Prensip ou yo ede’n pou’n fè bèl aksyon.

  3. 3. Ou te sèvi ak moun pou ekri Bib la,

    Sa vrèman touche nou e’n vle ba ou glwa

    Ede nou met lafwa nou

    nan sa nou li ladan’l.

    Pawòl ou a itil, li se verite.