Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 75

“Men mwen! Voye m”

“Men mwen! Voye m”

(Ezayi 6:8)

  1. 1. Lèzòm ap sal non Jewova,

    Yon non ki jis e ki sakre.

    Gen moun ki di Bondye twò mou,

    Lòt di: ‘Pa gen Bondye ditou.’

    Ki moun k’ap louwe Jewova,

    Ki pral defann non’l ak lafwa?

    (REFREN 1)

    “Seyè, men mwen! Voye’m, tanpri.

    Mwen vle louwe ou pou lavi.

    Se yon onè ki fè mwen rejwi!

    Wi, men mwen! Voye’m, tanpri.”

  2. 2. Gen moun ki twouve Bondye lan.

    Yo pa krenn li, yo awogan.

    Gen moun, se zidòl y’adore.

    Lòt menm pran Seza pou Bondye.

    Kiyès k’ap fè mechan’ konnen

    Amagedon se pou demen?

    (REFREN 2)

    “Seyè, men mwen! Voye’m, tanpri.

    Ak kran, tout moun m’ap avèti.

    Se yon onè ki fè mwen rejwi!

    Wi, men mwen! Voye’m, tanpri.”

  3. 3. Gen moun k’ap jemi jodi a

    Akoz mechan san fwa, ni lwa.

    Ak senserite, y’ap chèche

    Verite ki sot nan Bondye.

    Kiyès ki pral konsole yo,

    Ede yo jwenn yon monn nouvo?

    (REFREN 3)

    “Seyè, men mwen! Voye’m, tanpri.

    M’ap aprann yo sa Bib la di.

    Se yon onè ki fè mwen rejwi!

    Wi, men mwen! Voye’m, tanpri.”

(Gade tou Sòm 10:4; Eze. 9:4.)