Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 63

Nou se Temwen Jewova!

Nou se Temwen Jewova!

(Ezayi 43:10-12)

  1. 1. Lèzòm fè yon pakèt dye,

    Yo pa respekte Bondye.

    Jewova Toupisan,

    Se mèt nou li ye.

    Lòt dye yo pa konn anyen,

    Yo pa menm konnen demen.

    Y’ap chèche temwen pou granmesi,

    Talè, yo tout nèt pral detwi.

    (REFREN)

    Nou se Temwen Jewova,

    Nou pale avèk lafwa.

    Bondye nou an konn bay pwofesi,

    Sa’l di toujou akonpli.

  2. 2. Nou kontan fè moun konnen

    N’ap sèvi yon Dye ki sen.

    Nou preche Wayòm nan,

    Nou se vrè Temwen.

    N’ap preche verite a

    K’ap fè moun sot nan fènwa.

    Y’ap gen lafwa, yo tout pral chante

    Pou Bondye pou letènite.

    (REFREN)

    Nou se Temwen Jewova,

    Nou pale avèk lafwa.

    Bondye nou an konn bay pwofesi,

    Sa’l di toujou akonpli.

  3. 3. N’ap fè konn non Jewova,

    N’ap preche pou’n ba li glwa.

    E n’ap di mechan yo:

    ‘Sispann sal non sa.’

    Moun ki repanti toutbon

    Ap rive jwenn vrè padon.

    Sèvi Bondye bay vrè kè kontan,

    E n’ap gen lavi pou toutan.

    (REFREN)

    Nou se Temwen Jewova,

    Nou pale avèk lafwa.

    Bondye nou an konn bay pwofesi,

    Sa’l di toujou akonpli.