Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 6

Syèl la ap pwoklame glwa Bondye

Syèl la ap pwoklame glwa Bondye

(Sòm 19)

  1. 1. Syèl la chante tout glwa Jewova genyen.

    Nou wè pisans Bondye

    nan tout sa li kreye.

    E chak jounen ap fè louwanj pou li.

    Syèl la, zetwal yo fè konnen

    Li se Wa toutbonvre.

  2. 2. Lwa Bondye a bon anpil, li bay lavi.

    Rapèl li yo gide

    timoun, granmoun kou jèn.

    Sa’l di yo vrè, nou ka fè yo konfyans.

    Pawòl li yo jis, yo itil,

    N’ap suiv yo ak tout kè’n.

  3. 3. Krent pou Bondye ap fè nou viv nètale.

    Lwa’l yo pi bon lontan

    pase pi bon lò a.

    Direksyon’l bay pwoteje lavi nou.

    N’ap fè konnen non Bondye sen,

    E n’ap toujou ba’l glwa.