Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 46

Mèsi Jewova

Mèsi Jewova

(1 Tesalonisyen 5:18)

  1. 1. Mèsi Jewova pou limyè ou ban nou,

    Ki klere’n toutan, ki gide’n chak jou.

    Mèsi bon Papa, paske nou ka priye’w

    Pou’n di’w sa’k nan kè’n, pou’n pwoche pi pre’w.

  2. 2. Mèsi Jewova pou Jezi Kris ki Wa.

    Li te venk monn nan, li pot laviktwa.

    Mèsi pou èd ou, ki fè nou sèvi’w byen.

    Konsa, n’ap kenbe ve’n fè kòm Temwen.

  3. 3. Mèsi dèske’n ka pwoklame non’w ki gran.

    Se yon privilèj ki fè kè’n kontan.

    Mèsi paske tout sa ki mal pral fini.

    Grasa Wayòm ou, latè pral beni.