Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 44

Priyè yon moun ki dekouraje

Priyè yon moun ki dekouraje

(Sòm 4:1)

  1. 1. O Jewova, m’ap mande ou:

    “Koute priyè’m, tanpri.”

    Chay m’ap pote a lou, mwen nan chagren

    e m’ap soufri.

    Dezespwa anvayi’m,

    e sa fè mwen dekouraje.

    Tanpri Bondye pran ka’m,

    se konsolasyon’w m’ap chèche.

    (REFREN)

    Ede’m tanpri, lè’m gen pwoblèm,

    Pou’m andire, pou’m rete fèm.

    Se ou’m vin jwenn lè mwen faya.

    Ou se fòs mwen, o Jewova.

  2. 2. Pawòl ou konsole’m. Lè’m santi’m fèb,

    li pwoteje’m.

    Ladan’l mwen jwenn pawòl

    ki eksprime sa’k nan panse’m.

    Tanpri, ede’m gen plis lafwa

    pou’m sipòte doulè’m.

    Toujou ede mwen sonje

    lanmou’w pi gran pase kè’m.

    (REFREN)

    Ede’m tanpri, lè’m gen pwoblèm,

    Pou’m andire, pou’m rete fèm.

    Se ou’m vin jwenn lè mwen faya.

    Ou se fòs mwen, o Jewova.