Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 36

Nou pwoteje kè nou

Nou pwoteje kè nou

(Pwovèb 4:23)

  1. 1. Nou pwoteje kè nou toutan,

    Nou pa pran wout peche.

    Bondye li jis nan fon kè nou,

    Li wè ki moun nou ye.

    Kè nou konn twonpe lespri nou,

    Li fè’n pran vye chemen.

    Se pou lespri’n mennen kè nou,

    Pou’n toujou fè sa’k byen.

  2. 2. Nou chèche direksyon Bondye

    Pou’n prezève kè nou.

    Nou louwe’l e nou di’l mèsi

    Paske’l pran swen’n chak jou.

    Tout sa Jewova anseye’n,

    Nou kontan obeyi.

    N’ap lite pou nou ret fidèl,

    Pou’n toujou fè’l plezi.

  3. 3. Nou evite tout vye lide

    Pou kè’n pa vin distrè.

    Nou vle Pawòl la touche kè’n,

    Pou’l ban’n fòs ak lapè.

    Bondye renmen sèvitè’l yo,

    Nou ka konte sou li.

    Nou vle sèvi’l ak tout kè nou.

    Nou zanmi’l pou lavi.