Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 27

Pitit Bondye yo pral parèt nan laglwa

Pitit Bondye yo pral parèt nan laglwa

(Women 8:19)

  1. 1. Jewova pral fè wè aklè

    Pitit li yo jwenn glwa.

    Y’ap wa nan syèl la bò kot Kris,

    Y’ap gen anpil pouvwa.

    (REFREN)

    Pitit Bondye yo pral jwenn glwa,

    Y’ap avèk Kris Jezi.

    Yo pral pote yon gwo viktwa.

    Y’ap kontan, y’ap rejwi.

  2. 2. Talè konsa, rès frè Kris yo

    Ap avèk li nan syèl.

    Wa tout wa yo ap rele yo.

    Yo tout ap imòtèl.

    (REFREN)

    Pitit Bondye yo pral jwenn glwa,

    Y’ap avèk Kris Jezi.

    Yo pral pote yon gwo viktwa.

    Y’ap kontan, y’ap rejwi.

    (YON TI DIPLIS)

    Epi, yo pral patisipe

    Nan gè Amagedon.

    Ti Mouton an ansanm ak yo

    Pral marye pou toutan.

    (REFREN)

    Pitit Bondye yo pral jwenn glwa,

    Y’ap avèk Kris Jezi.

    Yo pral pote yon gwo viktwa.

    Y’ap kontan, y’ap rejwi.