Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 18

Nou gen rekonesans pou ranson an

Nou gen rekonesans pou ranson an

(Lik 22:20)

  1. 1. Jewova, bon Papa,

    nou vin devan twòn ou

    Paske’w demontre lanmou

    ki san parèy pou nou.

    Ou bay Pitit ou renmen an

    pou’n gen lavi.

    Se vrèman yon gwo sakrifis

    ki te fè’w soufri.

    (REFREN)

    Li bay lavi’l pou’n libere.

    Se grasa san’l nou delivre.

    Ak tout kè nou,

    n’ap remèsye’w pou tout letènite.

  2. 2. Jezi te bay lavi’l pou nou

    ak kè kontan.

    Lanmou pouse’l peye pri a

    pou’n ka viv toutan.

    San li, nou youn pa’t gen espwa

    jwenn delivrans,

    Men kounye a, n’ap tann pou’n viv

    san okenn soufrans.

    (REFREN)

    Li bay lavi’l pou’n libere.

    Se grasa san’l nou delivre.

    Ak tout kè nou,

    n’ap remèsye’w pou tout letènite.