Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 16

Louwe Ja pou Pitit Gason l lan

Louwe Ja pou Pitit Gason l lan

(Revelasyon 21:2)

  1. 1. Jewova chwazi Jezi Kris

    Pou’l dirije tout moun nèt.

    Wayòm li an pral pote jistis.

    Volonte Jewova pral fèt.

    (REFREN)

    Louwe Ja pou Pitit Gason’l lan.

    Akeyi Kris, Sovè nou an.

    Nou menm ti mouton, nou dwe obeyi’l,

    se pou’n suiv li fidèlman.

    Louwe Ja pou Pitit Gason’l lan.

    Li se yon Chèf tout moun konnen.

    Bondye te kontan ba li tout pouvwa,

    pou’l onore non’l ki sen.

  2. 2. Frè Kris yo se moun yo chwazi

    Pou y’al reye ak Jezi.

    Yo tout pral travay nan Wayòm nan

    Pou tè a vin yon paradi.

    (REFREN)

    Louwe Ja pou Pitit Gason’l lan.

    Akeyi Kris, Sovè nou an.

    Nou menm ti mouton, nou dwe obeyi’l,

    se pou’n suiv li fidèlman.

    Louwe Ja pou Pitit Gason’l lan.

    Li se yon Chèf tout moun konnen.

    Bondye te kontan ba li tout pouvwa,

    pou’l onore non’l ki sen.