Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 149

Yon chan viktwa

Yon chan viktwa

(Egzòd 15:1)

  1. 1. Louwe Jewova!

    N’ap chante pou’n fè moun konn non li.

    Li lage Farawon ak lame’l la nan lanmè.

    Bay Jewova glwa!

    Pa gen dye ki ka kanpe devan’l.

    Non li se Jewova, li pa janm pèdi lagè.

    (REFREN)

    Jewova Dye, ou gen tout pouvwa,

    Ou pa janm chanje, ou rete menm jan’.

    W’ap detwi ènmi’w yo talè konsa,

    W’ap fè respekte non’w toutan.

  2. 2. Nasyon yo kanpe anfas Jewova Dye, Souvren an.

    Menm jan avèk Farawon,

    Y’ap wont e y’ap detwi.

    Yo tout pral jije,

    Yo pap chape nan Amagedon.

    Tout moun nèt pral konnen

    Jewova se non Bondye.

    (REFREN)

    Jewova Dye, ou gen tout pouvwa,

    Ou pa janm chanje, ou rete menm jan’.

    W’ap detwi ènmi’w yo talè konsa,

    W’ap fè respekte non’w toutan.