Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 132

Kounye a, nou fè yon sèl

Kounye a, nou fè yon sèl

(Jenèz 2:23, 24)

  1. 1. Mwen jwenn yon moun, li se zo mwen,

    Li se chè mwen, mwen jwenn yon konjwen.

    Bondye ban mwen’l kòm kado pa’m.

    Mwen pa pou kò’m ankò.

    Nou fè yon sèl. Ala sa bèl

    Pou mwen avè’w jwi lavi’n ansanm.

    Antanke mari ak madanm,

    Nou fòme yon fanmi.

    N’ap toujou sèvi Bondye nou an.

    L’ap montre’n wout la,

    Pou nou kenbe lanmou sa’.

    Nou fè yon ve, nou vle kenbe’l.

    Lavi’n ap bèl si nou respekte’l.

    Nou vle onore Jewova.

    Cheri, mwen vle renmen’w toutan.