Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 78

Se pou entandan fidèl la montre li pare!

Se pou entandan fidèl la montre li pare!

LIK 12:35-59

  • ENTANDAN FIDÈL LA DWE MONTRE LI PARE

  • JEZI VIN MET DIVIZYON

Jezi te fè konnen se sèlman yon “ti twoupo” ki t ap gen pou resevwa yon plas nan Wayòm syèl la (Lik 12:32). Men, resevwa yon bèl rekonpans konsa se pa yon bagay yo ta dwe pran alalejè. Anfèt, Jezi t ap montre jan li enpòtan pou yon moun gen yon bon atitid si li pral nan Wayòm nan.

Ansuit, Jezi konseye disip li yo pou yo montre yo pare pou lè l retounen. Li di: “Mare ren nou, epi se pou lanp nou ret limen. Se pou nou tankou esklav k ap tann mèt yo tounen sot marye, konsa, lè l rive e li frape pòt la, yo ka ouvri pou li tousuit. Byennere esklav sa yo, lè mèt yo vini, li jwenn yo ap veye!” — Lik 12:35-37.

Li fasil pou disip yo konprann egzanp Jezi bay la. Sèvitè li t ap pale de li yo te pare e yo t ap tann mèt yo tounen. Men sa Jezi esplike: “Si [mèt la] rive byen ta nan nuit lan [soti anviwon nevè nan aswè pou rive minui] oubyen menm avanjou [soti minui pou rive anviwon twazè nan maten], e li jwenn yo ap tann, yo byennere!” — Lik 12:38.

Sa plis pase yon konsèy yo bay moun pou yo ka vin sèvitè k ap travay di nan kay. Sa parèt klè nan fason Jezi, Pitit lòm nan, te pale de tèt li nan egzanp lan. Li di disip li yo: “Ebyen, nou menm tou, montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” ​(Lik 12:40). Donk, Jezi gen pou l vini yon lè. Li vle pou moun k ap suiv li yo, sitou moun ki fè pati “ti twoupo” a, pare.

Pyè vle byen konprann sa Jezi vle di, se sa k fè li mande l: “Seyè, èske se pou nou sèlman ou bay egzanp sa a oubyen pou tout moun?” Jezi pa reponn Pyè dirèkteman. Men, li bay yon lòt egzanp menm jan an, li di: “Kiyès ki vrèman entandan fidèl ki prevwayan mèt li met responsab gwoup sèvitè li yo pou l toujou ba yo kantite pwovizyon yo bezwen nan bon moman? Esklav sa a byennere si lè mèt li vini, li jwenn se sa l ap fè! Anverite m ap di nou sa: L ap mete l responsab tout byen l yo.” — Lik 12:41-44.

Li klè, nan egzanp Jezi te bay anvan an, “mèt la” se Jezi, Pitit lòm nan. Li lojik pou “entandan fidèl la” se yon seri gason ki fè pati “ti twoupo” a e yo pral ba yo Wayòm nan (Lik 12:32). Jezi fè konnen gen kèk nan moun ki nan gwoup sa a ki t apral bay “gwoup sèvitè l yo kantite pwovizyon yo bezwen nan moman apwopriye a”. Donk, Pyè ak lòt disip Jezi te anseye epi li te bay manje nan domèn espirityèl yo te kapab konprann gen yon lè Pitit lòm nan t ap gen pou vini. E pandan peryòd sa a, t ap gen yon aranjman pou disip Jezi yo, anpalan de “gwoup sèvitè” Mèt la, jwenn manje nan domèn espirityèl.

Jezi bay yon lòt rezon pou l montre enpòtans pou disip li yo veye sou atitid yo. Li montre si yon moun pa byen veye, li ka menm rive nan yon pwen kote li vin ann opozisyon ak frè ak sè l yo. Men sa li di: “Men, si esklav sa a ta di nan kè l: ‘Mèt mwen ap fè reta’, epi li kòmanse ap bat sèvitè yo ak sèvant yo, li manje, li bwè, epi li vin sou, mèt esklav sa a ap vini yon jou li pa atann, nan yon lè li pa konnen, l ap ba l yon pinisyon ki rèd anpil e l ap mete l menm kote ak moun ki pa fidèl yo.” — Lik 12:45, 46.

Jezi fè konnen li vini pou l “limen yon dife sou latè”. Li t ap pale sou yon seri sijè ki t ap lakòz divizyon. Sijè sa yo t ap tankou dife k ap boule fo ansèyman yo ak tradisyon yo. Yo t ap menm separe moun ki ta sipoze ini. Se sa k fè, “papa ap kont pitit gason, pitit gason ap kont papa, manman ap kont pitit fi, pitit fi ap kont manman, bèlmè ap kont bèlfi, bèlfi ap kont bèlmè.” — Lik 12:49, 53.

Jezi te bay kòmandman sa yo sitou pou disip li yo. Apre sa, Jezi pale ak foul la. Pifò nan yo derefize aksepte prèv klè yo genyen ki montre li se Mesi a, se sa k fè li di yo: “Lè nou wè yon nyaj parèt nan lwès, tousuit nou di: ‘Li pral fè yon gwo lapli ak gwo van’, e sa fèt vre. E lè nou wè van ap soufle sot nan sid, nou di: ‘Li pral fè yon sèl chalè’, e se sa k pase vre. Bann ipokrit! Nou konn egzamine jan tè a ak syèl la ye, men kòman fè nou pa konn ki jan pou n egzamine tan sa a n ap viv la a?” ​(Lik 12:54-56). Li klè moun sa yo pa t pare.