Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Choulamit la

Egzanp: Choulamit la

Egzanp: Choulamit la

Jèn fi Choulamit la konnen, nan zafè renmen fòk tèt li klè. Li di zanmi l yo: “M ap mande nou fè sèman: Pinga nou chèche fè lanmou grandi nan kè m si se pa poukont li l vini.” Choulamit la konnen santiman ka anpeche yon moun byen rezone. Li rann li kont, pa egzanp, lòt moun ka fè presyon sou li pou l aksepte renmen ak yon moun ki pap fè yon bon mari pou li. Li konnen menm pwòp santiman pa l ka bloke bon konprann li. Se sa k fè Choulamit la rete tankou “yon miray”. — Chante Salomon an 8:4, 10.

Èske w konsidere lanmou menm jan ak Choulamit la? Èske w kite pou se tèt ou ki pale olye se kè w sèlman (Pwovèb 2:10, 11)? Pafwa, lòt moun ka eseye fòse w renmen alòske ou pa pare pou sa. Se kapab ou menm ki bay tèt ou presyon an. Pa egzanp, lè w wè yon jèn gason ak yon jèn fi ap mache men nan men, èske w vle fè menm bagay la tou? Èske w t ap aksepte renmen ak yon moun ki pa gen menm kwayans avè w? Jèn fi Choulamit la te demontre li gen matirite lè l t ap fè fas ak kesyon renmen an. Ou ka fè menm bagay la tou!