Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BalanceFormcreative/iStock via Getty Images Plus

Ou ka santi w mwens poukont ou lè   ede lòt moun — Sa Bib la di

Ou ka santi w mwens poukont ou lè   ede lòt moun — Sa Bib la di

 Toupatou sou tè a, gen moun ki santi yo poukont yo e yo santi yo pa ka bon zanmi lòt moun. Gen kèk espè nan kesyon sante ki kwè yon bagay ki ka ede yon moun konbat santiman sa a se ede lòt moun.

  •   “Ede lòt moun ki bezwen sa kapab bay lavi nou sans e sa kapab ede nou mwens santi nou poukont nou oswa santi nou pa ka fè zanmi ak lòt moun.” — U.S. National Institutes of Health.

 Bib la bay bonjan konsèy sou sa nou ka fè pou ede lòt moun. Lè nou suiv sa l di yo, sa ka ede nou mwens santi nou poukont nou.

Sa w ka fè

 Renmen bay. Chèche okazyon pou w pase tan ak lòt moun, sitou fasafas. Se pou w dispoze pataje sa w genyen ak lòt moun. Lè w fè sa, an jeneral, y ap montre w yo rekonesan, sa k ap ede w vin zanmi yo.

  •   Prensip biblik: “Pran abitid bay, e moun ap ban nou.” — Lik 6:38.

 Fè efò pou w ede lòt moun. Chèche okazyon pou w ede moun k ap pase yon moman ki difisil. Sa ka gen ladan l koute yo pandan w montre w gen konpasyon pou yo, oswa ofri yo pou w fè yon seri travay pou yo k ap soulaje yo.

  •   Prensip biblik: “Yon zanmi la pou ede nan kèlkeswa sitiyasyon an.” — Pwovèb 17:17, Contemporary English Version.

 Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou fason w ka kenbe bon relasyon ak lòt moun, li atik “Fanmi ak zanmi.”