Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Comstock Images/Stockbyte via Getty Images

Sa Wayòm Bondye a pral fè ak politisyen ki nan koripsyon yo

Sa Wayòm Bondye a pral fè ak politisyen ki nan koripsyon yo

 Moun yo bouke ak dirijan ki kòwonpi, yo vle gen dirijan yo ka fè konfyans. Nan yon ankèt yo te fè plizyè kote sou tè a e yo te pibliye an 2023, anpil moun fè konnen se lidè nan gouvènman yo yo plis pa fè konfyans. a

 Bib la pale de yon gouvènman ki gen yon Lidè nou ka fè konfyans total, li onèt e l pap janm mele nan koripsyon. Gouvènman sa a se Wayòm Bondye a e Lidè l la se Jezi Kris. — Ezayi 9:7.

 Fason Jezi te viv te montre li gen sousi pou moun (Matye 9:35, 36). Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, talè konsa, li pral fè tout moun ki aksepte l antanke Wa jwenn jistis ak lapè. — Sòm 72:12-14.

a 2023 Edelman Trust Barometer Global Report.