Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

alashi/DigitalVision Vectors via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Sa k fè gen tout hèn sa a nan monn nan? — Sa Bib la di?

Sa k fè gen tout hèn sa a nan monn nan? — Sa Bib la di?

 Nan nouvèl, se toutan n ap tande moun ki di vye pawòl oswa ki aji ak vyolans paske yo rayi lòt moun e paske yo gen prejije, moun ki atake lòt moun paske yo pa menm ras avèk yo, e se toutan n ap tande gen lagè.

  •   “Jounen jodi a, gen plis moun ki di pawòl ki montre yo rayi lòt moun sou rezo sosyal yo akoz gè ki genyen ant Izrayèl ak Gaza a e akoz moun k ap ankouraje lahèn ak vyolans.” — The New York Times, 15 novanm 2023.

  •   “Depi 7 oktòb, toupatou sou tè a, prejije lakòz toudenkou moun yo di plis pawòl ki montre yo rayi lòt moun oswa yo fè plis zak vyolans akoz yo rayi lòt moun.” — Dennis Francis, prezidan Asanble jeneral Nasyonzini, 3 novanm 2023.

 Pawòl ki montre moun rayi moun, vyolans ak lagè te toujou egziste. Dayè, Bib la fè konnen nan tan lontan gen moun ki te “vize moun ki inosan an ak move pawòl tankou si se te flèch” e ki te konn fè vyolans ak lagè (Sòm 64:3; 120:7; 140:1). Men, Bib la fè konnen tou lahèn ki gen jodi a pi mal pase tout lòt lè.

Lahèn: youn nan mak fabrik epòk nou an

 Bib la bay de rezon ki fè gen tout hèn sa a jodi a.

  1.  1. Li te pale de yon epòk kote “lanmou pifò moun [t] ap vin rafredi”. (Matye 24:12.) An jeneral, olye moun yo demontre lanmou, yo t ap gen yon konduit ki t ap ankouraje lahèn. — 2 Timote 3:1-5.

  2.  2. Jounen jodi a, gwo lahèn ki genyen nan monn nan se konsekans enfliyans Satan Ledyab ki mechan. Bib la di “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. — 1 Jan 5:19; Revelasyon 12:9, 12.

 Men, Bib la fè konnen tou talè konsa, Bondye pral elimine sa ki lakòz lahèn. Mete sou sa, li pral defèt tout soufrans lahèn lakòz. Men pwomès Bib la fè:

  •   Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:4.