Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lwa Bondye te bay sou ijyèn yo te pi ann avans

Lwa Bondye te bay sou ijyèn yo te pi ann avans

 Yon ti tan anvan nasyon Izrayèl la te antre nan peyi Bondye te pwomèt li a, sa gen anviwon 3 500 an, Bondye te di pèp la li t ap pwoteje yo kont “maladi terib” ki te gen ann Ejip yo (Detewonòm 7:15). Li te fè sa grasa enstriksyon detaye li te bay pèp la sou fason pou yo anpeche maladi ki te genyen lè a gaye ak enstriksyon sou ijyèn. Pa egzanp:

  •   Enstriksyon nasyon an te jwenn te mande pou moun yo benyen e pou moun yo lave rad yo. — Levitik 15:4-27.

  •   Lè yo t apral fè yon bezwen, Bondye te di yo: “Se pou nou mete yon kote apa pa deyò kan an e se la pou nou ale pou nou fè bezwen nou. Se pou nou gen yon pikèt pami zouti nou yo. Lè nou akoupi deyò a, se pou nou fouye yon twou ak pikèt la, apre sa, se pou nou kouvri poupou a.” — Detewonòm 23:12, 13.

  •   Moun ki te fè pati pèp la ki te gen yon maladi trapan te dwe rete apa, sa vle di yo te mete yo pa deyò kan an. Anvan pou moun ki te geri a rantre nan kan an, li te dwe lave rad li, li te dwe benyen nan dlo pou l kapab vin “pwòp”. — Levitik 14:8, 9.

  •   Nenpòt moun ki te manyen yon kadav te dwe rete apa. — Levitik 5:2, 3; Nonb 19:16.

 Lwa Bondye te bay Izrayèl yo te chita sou yon nivo konesans nan domèn ijyèn ki te pi avanse lontan pase sa moun nan epòk la te konnen.

 Pami lòt nasyon yo, metòd yo te sèvi yo te akayik. Pa egzanp:

  •   Se nan lari yo te lage fatra yo. Ni dlo ki te kontamine, ni manje ki te kontamine, san konte lòt kalite fatra ki te genyen yo te lakòz move kondisyon ijyèn ki te fè anpil moun malad e anpil timoun mouri.

  •   Doktè nan tan lontan yo pa t konn anpil bagay, oswa yo pa t konn anyen, sou kesyon jèm ak lòt bagay ki lakòz maladi. Ejipsyen yo te konn sèvi ak san kèk kalite zandolit, poupou yon zwazo ki rele pelikan, kadav sourit, pipi oswa pen kanni antanke remèd. Men, an reyalite, swadizan remèd sa yo te koze plis dega pase yo te geri malad yo. Yo te konn sèvi ak poupou moun oswa bèt pou yo fè remèd.

  •   Pèp ejipsyen tan lontan an te trape anpil maladi akoz mikwòb ki genyen nan dlo gwo rivyè yo rele Nil la ak plizyè kanal ki soti nan Nil lan.

Se konsa timoun ann Ejip yo te konn mouri ak dyare ak lòt maladi nan trip yo akoz dlo ki te kontamine yo te bwè.

Pèp Izrayèl la li menm te rete pi an sante paske yo te suiv enstriksyon ki te nan Lwa Bondye a.