Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon ansyen eskilti ki sot ann Ejip kore yon istwa Bib la rakonte

Yon ansyen eskilti ki sot ann Ejip kore yon istwa Bib la rakonte

 Gen yon eskilti ki mezire uit mèt wotè yo te bati nan antre yon tanp Ejip tan lontan an nan vilaj ki pote non Kanak la pou yon dye yo te rele Amoun. Dapre espè yo, sou eskilti sa a, yo rakonte ki jan Farawon Chichak te mache pran tè nan nòdès peyi Ejip, e pami tè sa yo li te rive pran tèritwa Jida ak Izrayèl nan nò peyi a.

Sou eskilti Kanak la, yo montre kaptif yo gen men yo ki mare.

 Eskilti a montre dye Amoun nan k ap remèt Chichak oswa Chichonk, 150 kaptif ki gen men yo mare. a Chak kaptif sa yo reprezante youn nan vil li te pran yo oswa youn nan pèp li te konbat yo. Non chak vil ekri nan pati ki oval ki sou kò kaptif yo. Pami non sa yo genyen ladan yo moun kapab li jis jounen jodi a, e genyen pami yo moun ki abitye li Bib la kapab rekonèt fasil, tankou: Bètcheyan, Gabawon, Megido ak Chounèm.

 Bib la rakonte ki jan kanpay peyi Ejip te mennen kont peyi Jida a te pase (1 Wa 14:25, 26). An reyalite, Bib la bay plizyè detay sou fason Chichak te anvayi peyi a. Men sa nou li: “Nan senkyèm ane rèy wa Wobowam, Chichak, wa Ejip la, te monte vin atake Jerizalèm [...]. Li te gen 1 200 charyo, 60 000 kavalye ak yon pakèt sòlda ki te soti ann Ejip [...]. Li te pran vil nan Jida ki te byen pwoteje yo jis li rive Jerizalèm.” — 2 Kwonik 12:2-4.

 Se pa sèl eskilti akeyològ yo jwenn Kanak la ki bay prèv ki montre Chichak te mennen kanpay sou tèritwa Izrayèl. Sou yon lòt moso estati yo jwenn nan vil Megido Bib la pale de li a, gen non “Chichonk” ki parèt sou li.

Lefètke Bib la rakonte an detay Chichak te mache pran tèritwa  Jida a, se yon egzanp ki montre moun ki te ekri Bib la te onèt. Yo te pran swen esplike defèt pwòp nasyon yo ak ki tèritwa yo te pèdi. Ekriven lòt nasyon nan tan lontan yo pa t abitye pale sou nasyon pa yo konsa.

a Fason yo ekri “Chichak” nan Bib la montre fason Ebre yo te konn pwononse non sa a.