Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Y ap detwi tè a — Ki sa Bib la di?

Y ap detwi tè a — Ki sa Bib la di?

 “Nou sou wout pou n fè fas ak yon katastwòf nan klima a talè konsa. Pral gen gwo vil ki anba dlo. Pral gen gwo chalè nou potko janm wè anvan sa. Pral gen tanpèt ki bay laperèz e anpil kote pap gen ase dlo. Pral gen plizyè milyon espès bèt ak plant ki disparèt. Se pa egzajere m ap egzajere, men bagay sa yo pral rive toutbon. Se sa lasyans di n ki pral rive akoz politik enèji nou genyen kounye a.” — Pawòl António Guterres, sekretè jeneral nasyonzini, nan yon diskou li te bay sou yon rapò ki te soti 4 avril 2022 yon gwoup espè nan plizyè gouvènman te remèt sou chanjman ki genyen nan klima a.

 “Lasyans fè konnen nan ane k ap vini yo pral gen anpil dega akoz chanjman ki gen nan klima a. Dega sa yo ka gen efè sou prèske tout 423 pak nasyonal ki genyen Ozetazini yo, paske li pi fasil pou tanperati a k ap ogmante afekte pak sa yo. Tout menas sa yo tankou yon avètisman ki soti nan Bib la: dife ak inondasyon, glas yo k ap fonn, dlo lanmè a k ap monte ak gwo chalè.” — “Inondasyon lakòz dega nan Yellowstone, yon siy ki prevwa lòt katastwòf”, The New York Times, 15 jen 2022.

 Èske pwoblèm ki genyen nan klima a ap janm rezoud? Si wi, kiyès k ap rezoud yo? Ann egzamine sa Bib la di toutbonvre.

Bib la te anonse dega sa yo

 Bib la fè konnen Bondye pral “detwi moun k ap detwi tè a”. (Revelasyon 11:18.) Vèsè sa a aprann nou twa bagay:

  1.  1. Lèzòm ap rive fè gwo dega sou tè a.

  2.  2. Dega y ap fè sou tè a gen pou l fini.

  3.  3. Se Bondye, se pa lèzòm, ki pral rezoud tout pwoblèm ki genyen nan klima a.

Avni planèt nou an garanti

 Bib la di tè a ap “ret la pou toutan”. (Eklezyas 1:4.) E ap toujou gen moun k ap viv sou li.

  •   “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

 Bondye pral repare tout dega yo fè sou tè a.

  •   “Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil, e plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran.” — Ezayi 35:1.